Accueil ACTUALITÉS

KISA N AP FÈ AK ESPÒ A: KI WÒL LETA AK SEKTÈ PRIVE A TA DWE JWE NAN ESPÒ A ?

301

Dèyè tout gran reyalizasyon toujou gen envestisman: lajan, tan, enèji, elatriye. Menmsi nou gen talan espòtif yo ak volonte kèk dirijan, nou pap ka regle anyen san envestisman.An Ayiti nou kapab di ke leta ak sektè prive a fèmen je yo sou milye espòtif la. Se avek bout zong dirijan yo yap fòse kenbe sektè a an vi.

Kisa ki envestisman an? Kijan yo ta dwe fèl ?

Wòl leta nan espò a se: Byen mennen politik espòtiv yo. Fasilite federasyon yo kapasite pou yo òganize ak pwomote koze nan disiplin yo a.
Kisa ki politik espòtiv la ? An rezime m kapab di nou, se politik pou estriktire sa kap fèt nan espò a, rann yo regilye ak ponktyèl pou pèmèt bon jan pwogresyon espò a nan yon sans laj.

Si vrèman se konsa bagay yo ta sipoze ye, ann dakò ke nou pap regle anyen.
Anpil jounalis nan peyi a konn ap plenyen de koze politik espòtiv yo. Bò isit pa gen bagay konsa.
Pa gen regilarite ak ponktyalite nan okenn òganizasyon, sa rann nou fè anpil echèk fas lòt nasyon, epi nou regrese anpil.

Ki lyen leta chèche genyen avèk federasyon yo ?
Si nou te fè lekti epizòd 1 an, nou t ap wè m te mansyone kantite lajan yon federasyon resevwa nan men komite olenmpik pou yon ane.
100.000 goud. Byenke se pa tout federasyon yo, ta sanble genyen ki pa menm jwenn pil lajan sa.

Eske nou ka mande yon federasyon konsa regilarite nan sa petèt li konn òganize yo ?
Minis pase nan tèt MJSAK tankou pasaje nan kamyonèt, pa janm gen youn ki kontinye travay yon lòt te kòmanse. Si tanzantan nou chanje done yo, ebyen telechajman an pap janm fini.

Nou gen plizyè mwa depi aktivite espòtiv ki pi popilè sou teritwa nou an kanpe, mwen vle pale de chanpyona nasyonal. M pa janm tande kote yon jokè di anyen sou li, se kòmsi yo pa t konn si l te konn jwe ni si l te kanpe.
Se nòmal pou yon papa pa konn anyen de pitit li si l pat okipe l.Pa gen anyen ki ka chanje nan milye a san leta pa asire responsablite l.

Konsènan sektè prive a menm, se tèt chaje menmsi m preske di yo itil espò a ke leta.
Pi bon fason sektè prive a ka envesti nan espò a se patwonize sa k ap fèt yo, ekip yo ak atlèt yo.Kisa patwonize a ye ?Patwonize se yon echanj ant enstitisyon an ke yo rele anonsè ak ekip, òganizasyon oubyen atlèt yo.Anonsè a ap envesti lajan, materyèl ak tout sa lòt kan an ta bezwen, epi an retou li dwe benefisye de viziblite ak kèk kolaborasyon divès.

Si n gade nan chanpyonal nasyonal nou an n ap wè plizyè ekip gen anonsè ki patwonize yo, egzanp: Real Hope – Texaco, Don Bosco FC – Don Bosco Borlette, Ouanaminthe FC – Radio Nativité, Baltimore SC, Tempête FC – Bleu Heavin . Pou n site sa yo sèlman.

Nou pa konnen si kontra sa yo respekte prensip yo, men sèl sa nou konnen yon gen yon akò kanmèm.Si n ale nan lòt espò tankou BasketBall, gen anpil anonsè ki patwonize chanpyon Ashbac la..Poukisa menm 15% nan sektè a paka benefisye de patwonizasyon kèk enstitisyon ?Èske se antite yo ki paka founi enstitisyon an sa y ap bezwen an retou a?

Nan ka kontrè, gen anpil atlèt ak ekip ki ta dwe gen ti kontra sa yo.Arcahaie FC, Cavaly AS se 2 nan plizyè ekip ki sot jwe nan nivo entènasyonal, m te vrèman etone pou m wè antrepiz tankou : Delimart, Comme il faut, CK Hardware ak plizyè lòt pa tou pwofite pou yo te fè tèt yo entènasyonal paske anpil peyi ni nan rejyon an ni lot kote te gen je yo rive sou sa k ta p fèt yo.

Yon ti koze, m panse ki pap etone nou. Tout ti atis, ni sa k ap fè bon koze ni sa k ap radote, yo tout jwenn patwonizasyon.Finalman se ak sektè espòtif la yo gen pwoblèm ?

Si n ap remonte la an 2018 ak 2019 nan diferan eksplwa nou te fè avek selekyon nasyonal nou yo ( senyò, U20 feminen, U17 maskilen ) tout moun te gen je fikse sou nou. Men anyen serye pa tonbe.

Fò k nou konsyan tou ke ni dirijan yo ni atlèt yo, youn pa konprann biznis la.M pa kwè gen 10 klèb, 10 atlèt kap evolye nan peyi a ki gen kont pwofesyonèl sou rezo sosyal yo e ki kominike règilyèman ak fanatik li yo.

Antouka, pwoblèm nou yo anpil.

Wolf Kenley DENIS
[email protected]