Accueil ACTUALITÉS

KISA N AP FÈ AK ESPÒ A : KI WÒL MEDYA YO NAN ESPÒ A ?

310

Nan anpil gran peyi, espò a pa sèlman egzèsis fizik pou defoule kò. Li se yon gwo biznis ki antre anpil lajan, pou espò a atenn nivo sa, medya yo jwe yon wòl enpòtan. Nan yon sans m ka di, devlopman espò a depann tou de nivo, estrikti ak kapasite medya k ap fè limyè sou disiplin yo. Ann gade ansanm kòman medya ayisyen yo ka kontribiye nan sa k ap fèt nan espò a.

LE FACTEUR HAÏTI, le 24 Mars 2022._ »Espò a kokobe. Nèg yo ap ranse ak espò a. Dirijan isit salòp, sesi sela » Se diferan manyè nou konn reyaji fas a jan nèg isit ap fè espò a.Avan m ta di nenpòt bagay sou medya yo, map pwofite voye yon gwo kout chapo pou medya anliy yo ki se pyon ki pi enpòtan nan vann espò nasyonal la jounen jodi a.

Kisa yon medya ye? Yon medya se yon sipò de difizyon enfòmasyon, li kapab : televize, radyofize, ekrit, anliy.Ògàn sa yo gen yon pakèt pouvwa, se rezon sa ki fè yo enpòtan nan tout bagay, egzanp nan sektè kiltirèl la, si medya yo chwazi barew sèl Letènèl ki ka fè w pase.

Si gen yon aktivite espòtiv k ap fèt, ou ka paka fè deplasman men sa paka anpechew suiv tout sa k ap pase nan aktivite sa. Tout ayisyen gad Real-Barcelone men youn pa konn wout pouw al Bernabeú ni Camp nou (riiii).Se akoz medya yo ki fè nou jwenn posiblite poun toujou distrè nou.

Menmjan nou konn plenyen pou espò a, medya yo paka fonksyone san lajan, paske yap bezwen anpil gwo materyèl pou pèmèt yo bay bon sèvis epi peye moun k ap travay avèk yo.
An Ayiti nou tèlman soumoun, yon vagabon ka fin fè tout depans li pou l mete yon medya kanpe epil vle pou jounalis pwofesyonèl vin travay avèl gratis. Ala de salmanaza.

Sa rann tou anpil aktivite pa benefisye de kouvèti menm medya ki pi raz yo, paske tout jounalis yo grangou podyab, yo toujou swete fok gen yon ti enterè ekonomik pou nenpòt ti deplasman (mwen menm tou).Nou konn ap plenyen pou yon seri de federasyon ki pa janm regle anyen men m garanti nou, si medya t ap fè pwopagann pou yo nou tap wè yo menmsi yo pa t ap regle anyen an.

Difizyon an se mete aktivite a an dirèk, li ka fèt sou tout kategori medya m te mansyone yo.
Pi gwo aktivite espòtiv nou gen nan peyi a ki se chanpyon football la, anpil match ladanl paka difize menm sou yon paj Facebook, la ankò nou ka kritike dirijan ekip yo.Gen medya ki pou yon ekip, li la poul vann tout sa ekip la ap fè ki pozitif, lave peche ekip la.

Se nan medya yo nou jwenn bon obsèvatè, kòmantatè, analis, sa vle di se jounalis yo ki pi byen plase pou ta bay yon pri a yon atlèt.
Si nou gade « France Football » ki se yon medya fransè, se li menm ki anchaje de kesyon balon dò a.M ap pwofite felisite « Foot-Fem HT » yon medya anliy ki espesyalize yo nan football fanm an Ayiti ki te kreye mwayen pou te rekonpanse jwèz nou yo sou yon ane pandan 2 ou 3 ane ki sot pase la yo.

Bò isit, media anliy yo fè afich, yo ekri atik, yo fè foto ak videyo bay entènot yo distrè yo.
Jounalis ki nan radio yo li atik yo ak afich yo bay oditè yo.Jounalis nan televizyon yo pase videyo yo, mete kostim epi souri dèyè kamera.
Se konsa yo rezime aktivite espòtiv yo, atlèt yo pa konn poukisa y ap kraze kò yo, dèfwa nèg la konn ap chèche ki medya ki postel aprè bèl pèfòmans li nan yon joune, li pa jwenn anyen.

Poukisa pa gen kèk medya ki espesyalize yo nan yon sèl disiplin, egzanp: Enfobaskètayiti, Annsuivtenis, Siklispanou, Ayitivolebòl. Tout nèg pote boure san ke yo paka regle anyen. Si n paka kriye ann pa fè lèd, pa fè foulay.
Si mouvman sa pa ofri anyen, nou pa gen materyèl pou n anbeli tèt nou, poukisa nou fè l ? PDG a ki yon bèl tit ?

Kot kolektif medya ki la pou bay balon dò ayisyen an ?Kot kolektif medya ki la pou onore atlèt nan espò endividyèl yo ?

Jan nou prezante tèt nou se konsa yo gade nou.M toujou tande koze sa nan bouch nou.
Medya pa gen fòmil, nèg isit pa panse, pa janm gen nouvote, pa gen divèsite, yo pa gen konstans nan anyen. An rezime pa gen lajan men yo renmen travay.

Medya yo jwe gwo wòl nan lavi atlèt yo.
Yo gen enpak sou karyè atlèt yo.
Anpil nan talan nou genyen yo vin pachiman se akoz de pwopagann ke yo pa t benefisye.
Medya isit pa gen okenn enfliyans sou sèn entènasyonal la. Èske se paske nou pap regle anyen serye oubyen nou pa vann lakay nou byen ?Nou ka pran egzanp medya fransè yo, yo voye atlèt yo monte anpil, se youn nan rezon ki fè nou toujou jwenn kèk grenn fransè nan elit football la dènye tan sa yo.
Gen anpil medya anliy k ap souke kò yo, menmsi yo paka fè gwo mouvman men yo fè ti bri.Yo eseye prezante piblik la kèk atlèt nan diferan ribrik.M poko janm tande yon jounalis nan radyo k ap fè gwo deba oubyen konparezon 2 – 3 jwè nan nivo nasyonal la ? Sa nèg yo ap fè a pa enterese nou ? Oubyen Messi ak Ronaldo pa ba nou tan ?

Arcahaie FC, Cavaly AS, Don Bosco FC, ekip s yo te jwenn chans patisipe nan konpetisyon rejyonal, jounalis nou yo ekri atik, bay rezilta epi tout bagay ok.Pa gen okenn pale anpil ki fèt pou eseye kenbe kèk jwè anba je ekip ki pi bon pase nou yo nan zòn nan.

Kòman nou tap fè konnen CR7, Neymar, Messi, Zidane, Maradona, Lev Yashine si pat gen medya etranje ?

Kisa medya nou fè pou nou fè mond lan konnen Angelo Exilus, Dutherson, Gooly, elatriye… ?

Jounen jodia okenn media pa an mezi pou dekòtike yon atlèt ba ou, travay sa pa janm fèt.
M raple m te gade yon bèl ti repòtaj yon medya Okap (4VEH) te fè sou Angelo Exilus.
Tout paj Facebook ak gwoup Whatsapp se medya, tout radyo kap tonbe 10fwa pa jou se medya. E tout medya sa yo gen jounalis, badj laprès yo byen rèd nan kou yo. Kisa n ap regle ?

Malgre teknoloji a, okenn medya pako ka ba nou estatistik yon match ayisyen.
Yon jwè paka konn pèfòmans li an chif nan yon match, ki mwayen pou n ta dezinye yon pi bon jwè sou yon seri.Nan jou pase yo, gen yon jwè ki poko menm majè te bay yon gwo chif gòl ke l fè deja. Tout medya te sezi. Jiskounya m sezi toujou mwen menm.

Ekri yon atik enfòmatif, prezante yon emisyon òdinè pandan 60minit nan radyo oubyen nan televizyon, sa yo pap ka pote anyen espesyal nan lavi espò nou an. Si se konsa nou fenk kare kritike tèt nou. Nou fenk kare kontanple sa k ap fèt lòt kote.

PDG, DG, CG medya yo, jounalis repòtè, redaktè, prezantatè, analis, kòmantatè, grafis, fotograf ak tout lòt moun ki nan milye a.
Devlopman espò a depann de nou tou.

 

Wolf Kenley DENIS
dley663@gmail.com