Accueil SPORT

KISA N’AP FÈ AK ESPÒ A : KIJAN ESPÒ A KA EDE PEYI A DEVLOPE TÈT LI ?

393

Devlopman yon peyi pa depann de yon sèl faktè, konsa tou yon peyi ka devlope nan yon bò epi nan lò bò a li rete yon peyi ki pa devlope. Espò a se youn nan faktè ki pi enpòtan yo pou devlope yon peyi, dayè anpil peyi ka temwanye sa. Ekonomi, touris, vizyalizasyon ak respè se 4 nan pi gwo avantaj espò a bay yon peyi e ki ka ede l devlope tèt li.

Le Facteur Haïti , le 24 janvier 2022._Pa gen okenn dout nan sa, espò a ka devlope yon peyi. Lè nou pran yon peyi tankou Ayiti youn nan pi gwo richès nou genyen se talan espòtif yo. Anpil nan yo pa jwenn chans pou eksplwate talan sa yo pou fè l iti l tèt yo, fanmi yo ak peyi yo.Sou plan ekonomik espò kapab kreye anpil anplwa, egzanp yon klèb football pwofesyonèl gen divès pòs yon moun ka okipe ladanl pou l fè kòb nòmalman.Komite egzekitif, estaf teknik, jwè, masè, estaf sante, estaf lojistik, estaf maketin, estaf menajè elatriye. Nan chak estaf sa yo nap jwenn pou pi piti 7 a 10 moun san nou pa kontwole jwè yo, sa vle di klèb la ka bay anviwon 70 a 100 anplwa. Nan yon peyi kote espò a ap bouje byen si gen 50 klèb konsa sa vle di gen anviwon 3500 a 5000 anplwa ki kreye.Si nou gade nan lòt espò ke nou mwens pratike yo, nap wè se menm lojik la.

Pou espò a pratike byen nan tout entegralitel n ap bezwen anpil materyèl.Nan ka sa gouvènman oubyen sektè prive peyi a pral gen obligasyon pou envesti nan divès pwojè pou evite nou enpòte twòp bagay nan lòt peyi.
Si nou gen 3 konpayi ekipmantye kap bay bon pwodui, l ap gen yon pakèt enpak pozitif, l ap kreye anpil anplwa sòti nan konfeksyon pase nan enpresyon jis rive nan distribisyon.
Konpayi sa yo ap jwenn chans siyen kontra ak anpil lòt klèb kap pratike espò nan rejyon an oubyen nan tout kontinan amerik la oubyen tou nan mond la.Si nou gade byen n ap wè se Saeta, yon mak kolonbyen kap fè kòb sa ak seleksyon football nou an epi ak pi fò nan klèb football yo tou.

Daprè jounal l’Equipe, espò a bay demi milyon anplwa nan peyi Lafrans, epi plis pase 90milya ewo ap bwase nan sektè a.An Espay chak milyon ewo ki envesti nan espò a se 12,4 anplwa ki kreye daprè magazin BusinessFrance.

Sou plan touristik ki toujou gen rapò ekonomi an, si wap fè espò a byen, ou geb gwo anbasadè, ou espere òganizatè yon jou.
Etanke òganizatè, konpetisyon seleksyon football nou an plis jwe a li rele GoldCup, jounen jodia konpetisyon sa ap fèt ak 16 ekip. Sa vle di Ayiti t ap resevwa 15 lòt peyi lakay li.
Si 15 lòt peyi ap vin fè anviwon yon mwa lakay ou, pa gen dout nan sa anpil lajan pral brase nan lojaman, transpò, elatriye…Pou chak 15 peyi sa yo ap gen plizyè santèn ou milye sipòtè, la bagag la ap bèl nèt. Nap gen yon gwo òpòtinite pou n ofri zòn nan oubyen mond lan yon pakèt bagay paske nan moman sa tou anpil zye ap vire sou nou.Imagine nou peyi a ta jwenn chans òganize yon konpetisyon chak 2 lane. Menmsi se pa nan yon sèl disiplin. Egzanp : 2010-Goldcup, 2012-Chanpyona siklis karayib la, 2014-Chanpyona basketball karayib la, 2016-Eliminatwa mondyal voleyball.Yon deseni ranpli konsa tap sifi poun ofri tèt nou yon pakèt bagay.

Sou plan vilgarizasyon ak respè a, m panse yo mache ansanm. Jounen jodia peyi Jamayik gen yon gwo respè nan mond espòtif la gras ak atlèt yo s Usain Bolt. Grenn anbasadè sa fè anpil moun al chèche konnen kisa ki Jamayik la e kisa lap regle nan lòt faktè yo.Plis ou gen anbasadè sa yo se plis lòt jèn ap motive tèt yo pou yo pran relèv la. Nou ka pran divès jenerasyon ki pase nan football brezilyen an, pa t janm gen yon tan nan football la pou pa gen yon brezilyen kap mennen.

Yon ekip oubyen yon atlèt se youn nan potansyèl anbasadè pou vann yon pwodui.
Tout moun konn ekip la, anpil nan yo kreye mwayen pou yo rete konekte ak atlèt yo.
Se pa san rezon n ap wè konpayi tankou : Puma, Nike, Adidas ak plizyè lòt toujou envesti anpil milyon nan kèk atlèt tankou: CR7, Neymar ak Messi.Bò isit n ap sezi wè foto Melchie Daelle Dumornay ak Duckens Nazon pa menm sou yon sachè bonbon.

Kisa nan mond lan nou konnen ki ka fè 2 ènmi bay akolad, chita menm kote epi fè foto ansanm ? Gras ak espò a gen anpil relasyon ki ka kreye. Nou ka wè prezidan Ayiti chita nan tribin ak prezidan Espay, nou ka wè tou anpil gwo espesyalis ap konpare seleksyon ayisyèn ak seleksyon espanyòl la pandan match la. Ala de frekansite sa, ki kote nou tap pase poun ta nan konparezon ak Espay ?

Lè ou gen yon atlèt ki jwenn chans evolye nan yon gran lakou entènasyonal, li bon anpil pou peyi a sou plizyè pwen sitou vilgarizasyon ak relasyon.Egzanp si nou ta gen Angelo Exilus ki ta jwenn chans evolye nan Man.United, asireman anpil moun pral chèche konnen kisa ki Ayiti a, eskè l gen lòt bèl talan ke peyi sa pwodui e kisa l ap regle nan lòt faktè yo. Si Angelo ta vin devlope yon bèl relasyon ak CR7 e li ta konvenk entènasyonal pòtigè a vin pase vakans nan peyi a, Ayayay, nou tap gen yon pakèt opòtinite paske moun ki pi enfliyan sou entènèt la ap vin pase yon ti tan lakay nou.

Se pou you youn nan rezon tou ki fè nou wè gouvènman peyi Rwanda envesti nan kèk ekip an ewòp pou yo ka rale plis touris lakay yo. Si nou gade byen nan do mayo antrènman ekip PSG a, n ap wè l ekri « Visit Rwanda »

Opòtinite yo se nou ki pou ofri tèt nou yo, lè nou fin fè sa, nou dwe pwofite de yo poun reyalize bagay pozitif. Sa vle di desten nou nan men nou.

 

Wolf Kenley DENIS
dley663@gmail.com